Lik 24:1-35

Lik 24:1-35 HAT98

Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen sòti devan bouch kavo a. Yo antre, men yo pa jwenn kò Senyè Jezi. Yo te la konsa, yo pat konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè. Men de moun yo di yo konsa: — Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? Li pa isit la, li resisite. Chonje sa li te di nou lè li te Galile a. Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo. Yo gen pou yo kloure l sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve sòti vivan ankò. Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. Yo sòti kite kavo a, y'al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo. Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jàn ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la. Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pat kwè yo. Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sa k te rive a. Menm jou sa a, te gen de disip ki ta pral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. Li di yo: — Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: — Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l amò, epi yo kloure l sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. Gen kèk zanmi nou yo kal nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l la. Men li menm, yo pa wè li. Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li? Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. Yo kenbe l, yo di li: — Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l rete ak yo. Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, epi li ba yo li. Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. Yonn pran di lòt: — Eske nou pat santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l t'ap esplike nou sa k te ekri nan Liv yo? Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. Yo tout t'ap di: — Se vre wi, Senyè a resisite. Simon wè li. Lè sa a, de disip yo pran rakonte sa k te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l te kase pen an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an