Lik 21:1-19

Lik 21:1-19 HAT98

Jezi pwonmennen je l toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li wè yon pòv vèv tou ki lage de pyès senk kòb nan kès la. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te gen pou l viv. Te gen kèk moun ki t'ap pale sou tanp lan. Yo t'ap di jan li te byen dekore avèk bèl wòch li yo ansanm ak tout bèl bagay moun te ofri bay Bondye. Lè sa a, Jezi di: — Nou wè tout bagay sa yo, yon jou, p'ap gen de wòch k'ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Yo mande li: — Mèt, kilè sa va rive? Kisa ki va fè nou konnen lè tout bagay sa yo prèt pou rive? Jezi di yo: — Veye kò nou pou pesonn pa twonpe nou. Paske plizyè moun va vin sou non mwen. Y'a di: Se mwen ki Kris la! Y'a di Jou a rive! Pa koute yo. Lè n'a pran nouvèl lagè ak revolisyon k'ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Li di yo ankò: — Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la. Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou. Y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou. Y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi. Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an