Lik 13:1-21

Lik 13:1-21 HAT98

Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye. Jezi reponn yo: — Gen lè nou kwè se paske moun sa yo te fè pi gwo peche pase lòt moun Galile yo kifè yo te masakre yo konsa? Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, genlè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: — Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l, men li pa jwenn. Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi? Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l, m'ap mete fimye ladan li. Konsa, li ka donnen. Si l pa donnen, w'a fè koupe l lòt lanne. Yon jou saba, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yo sinagòg la. Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l rete kokobe. Li pat kapab kanpe dwat menm. Lè Jezi wè l, li rele l, li di li: — Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. Jezi lonje men li sou li. Latou, fanm lan kanpe dwat, epi li pran bay Bondye glwa. Men, chèf sinagòg la pat kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: — Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a. Jezi reponn li: — Ala nou ipokrit! Jou saba a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou mennen yo al bwè, pa vre? Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l anba yon maladi, mwen pat dwe delivre l yon jou repo? Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pat vle wè l yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo. Jezi di yo: — Ak ki bagay peyi kote Bondye Wa a sanble? Kisa m ta di l sanble ankò? Li tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. Li pouse, li vin yon pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la fè nich nan branch li yo. Jezi di yo ankò: — Ak kisa pou m konpare peyi kote Bondye Wa a? Li tankou ledven yon fanm pran li mete nan twa mezi farin pou fè tout pat la leve.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an