Lik 11:29-54

Lik 11:29-54 HAT98

Anpil moun t'ap vin an kantite bò kote Jezi. Li pran di yo: — Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo. Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon. Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesay la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. — Pa gen moun k'ap fin limen yon lanp epi pou li sere yon kote, osinon pou li mete li anba yon tab. Okontrè l'ap mete lanp lan yon kote byen wo pou limyè li ka klere tout moun k'ap antre nan kay la. Je ou se lanp kò ou. Si je ou bon, tout kò ou nan limyè. Men si je ou pa bon, tout kò ou nan fènwa. Fè pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa. Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l pa nan fènwa, l'a klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li. Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l vin manje lakay li. Jezi antre, l'al chita bò tab la. Farizyen an te sezi lè l wè Jezi pat lave men l anvan l manje. Men, Jezi di li: — Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen. Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou. Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye. — Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou. — Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik. Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen. Yonn nan dirèktè lalwa yo pran lapawòl, li di Jezi konsa: — Mèt, lè ou pale konsa, ou joure nou tou wi. Epi Jezi reponn li: — Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l ak ti dwèt nou. Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye. Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt. Nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo. Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo. Y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo. Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè; wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo. — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladan, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre. Lè Jezi kite kote l te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo konmanse atake l avèk fòs. Yo t'ap poze l kèsyon sou anpil bagay. Yo t'ap pare pèlen pou li pou pran kèk pawòl nan bouch li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an