1
Trav 16:31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Pòl ak Silas reponn: “Mete konfyans ou nan Jezi, Senyè a, epi ou ap sove, ou menm ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.”
Konpare
Eksplore Trav 16:31
2
Trav 16:25-26
Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute. Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase.
Eksplore Trav 16:25-26
3
Trav 16:30
Apre sa, li fè yo soti nan kacho a epi li mande: “Mesye, kisa m dwe fè pou m sove?”
Eksplore Trav 16:30
4
Trav 16:27-28
Lè chèf prizon an reveye, li wè tout pòt prizon yo louvri. Li rale nepe l pou l te touye tèt li, paske l te panse prizonye yo te gentan sove. Men, Pòl rele byen fò: “Pa fè tèt ou mal, nou tout la!”
Eksplore Trav 16:27-28
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo