YouVersion Logo
Search Icon

Jan 9:1-23

Jan 9:1-23 VKF

Pandan Jezi t ap mache konsa, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg. Disip li yo mande l: “Mèt, pou kisa nonm sa a fèt avèg? Peche ki moun ki fè sa rive? Pwòp peche pa l oubyen peche paran l yo?” Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè. Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò. Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.” Apre Jezi fin pale konsa, li krache atè. Li fè labou ak krache a epi li mete l sou je mesye a. Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè. Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?” Gen moun ki di: “Se li menm.” Men gen lòt ki di: “Se pa li, se kèk moun ki sanble l.” Nonm ki te avèg la menm reponn, li di: “Se mwen menm.” Yo mande li: “Kòman ou fè wè?” Li reponn: “Nonm yo rele Jezi a fè labou li pase sou je m epi li di m: Al lave je w nan pisin Siloye a. M al lave je m, epi mwen wè.” Yo mande: “Kote nonm nan?” Nonm ki te avèg la reponn: “A, m pa konnen.” Yo mennen nonm ki te avèg la bay Farizyen yo. Se te yon jou repo Jezi te fè labou epi li te louvri je nonm nan. Farizyen yo retounen poze nonm nan kesyon ankò sou kijan li fè wè. Nonm nan di yo konsa: “Li fè labou, li pase sou je m, mwen lave je m epi m wè.” Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo. Yo retounen poze Nonm ki te avèg la kesyon ankò: “Ki sa ou menm ou di de nonm sa a, kòm se je pa w li louvri?” Alò, li reponn: “Pou mwen menm, se yon pwofèt li ye.” Lidè Jwif yo pa t vle kwè nonm nan te avèg epi li vin wè. Yo voye chache paran l yo. Jwif yo mande paran yo: “Èske nonm sa a se pitit nou an nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman li fè wè kounye a?” Alò, paran yo reponn epi yo di: “Wi, nonm sa a se pitit nou an, li te fèt tou avèg. Men nou pa konnen kijan li fè wè jodi a. Nou pa konnen ki moun ki fè l wè nonplis. Mande l, li gran moun, l a reponn.” Paran yo te pale kon sa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la. Se poutèt sa paran yo di li gran ase pou l pale poukont li, poze l kesyon.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy