YouVersion Logo
Search Icon

Jan 8:21-36

Jan 8:21-36 VKF

Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.” Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?” Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a, n ap mouri nan peche nou.” Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?” Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.” Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li. Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.” Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?” Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy