YouVersion Logo
Search Icon

Jan 7:32-53

Jan 7:32-53 VKF

Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li. Alò Jezi di: “Mwen avèk nou pou yon ti kras tan ankò. Epi m ap retounen jwenn moun ki te voye m nan. Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen. Epi nou p ap kapab vini kote m prale a non plis.” Jwif yo t ap di antre yo: “Ki kote pou nonm sa a ale pou nou pa jwen li? Èske se nan vil Grèk yo li pral abite, kote moun pa nou yo ye? Èske li pral anseye Grèk yo laba a?” Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?” Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè! Si yon moun kwè nan mwen, Bib la di sous dlo va koule soti nan kè li.” Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li. Lè moun yo te tande sa Jezi di yo, gen nan yo ki di: “Nonm sa a se Pwofèt la vre.” Te gen lòt moun ki t ap di: “Se li menm ki Kris la.” Te gen lòt ankò ki t ap di: “Kris la p ap soti nan Galile, pa vre? Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.” Konsa tout moun pa te gen menm opinyon sou Jezi. Kèk nan yo te vle arete Li. Men pèsonn pa t eseye fè sa. Polis tanp lan te retounen ale jwenn chèf prèt ak Farizyen yo. Prèt yo ak Farizyen yo te mande yo: “Pou kisa nou pa mennen Jezi vini?” Polis tanp lan te reponn: “Nou pa janm tande moun pale menm jan ak nonm sa a.” Farizyen yo reponn: “Alò, nonm nan pran tèt nou tou! Nou pa wè youn pami lidè yo, ni pami nou menm Farizyen ki kwè nan Li, pa vre? Sèl moun ki kwè nan li se foul la, ki se yon bann moun modi, paske yo pa konnen anyen nan Lalwa a!” Men, Nikodèm te la nan gwoup sa a. Se li menm ki t ale wè Jezi anvan sa. Li te di: “Èske Lalwa nou an pèmèt nou jije moun anvan nou tande yo, pou nou chache konnen kisa yo fè?” Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt ki soti Galile?” Apre sa, yo tout pati ale lakay yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy