YouVersion Logo
Search Icon

Jan 7:1-31

Jan 7:1-31 VKF

Apre sa, Jezi te fè laviwonn teritwa Galile a. Li pa t vle ale nan peyi Jide, paske chèf Jwif yo t ap chache touye li. Se te moman Jwif yo te pral fete Fèt Tant yo. Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo. Si ou vle anpil moun konnen ou, ou pa dwe ap kache sa ou fè. Si ou kapab fè bagay ekstraòdinè sa yo, kite tout moun wè yo.” Frè Jezi yo te pale kon sa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li. Jezi di yo: “Mwen poko pare pou m al Jerizalèm, lè m poko rive. Men, pou nou menm, nou pa gen okenn lè espesyal, tout lè se menm pou nou. Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon. Alò nou mèt ale. Mwen pa prale kounye a, paske tan pa m nan poko rive.” Lè Jezi fin di sa, li rete nan peyi Galile. Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè. Lidè Jwif yo t ap chache li nan fèt la. Yo t ap di: “Kote nonm nan?” Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.” Men pa t gen yon moun ki te brav ase pou l ta pale de li pou tout moun tande. Yo te pè lidè Jwif yo. Peryòd fèt la te deja nan mwatye konsa, Jezi ale nan tanp lan epi Li te kòmanse anseye. Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!” Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan. Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman. Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji kon sa p ap nan manti. Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men nou pa obeyi Lalwa a. Si nou obeyi Lalwa, pou kisa n ap chache touye m?” Moun yo reponn: “Yon demon fè w fou! Nou p ap eseye touye w pyès.” Jezi di yo: “Mwen te fè yon mirak yon jou saba, epi nou tout te choke. Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou repo a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou repo a. Konsa, nou travay nan jou repo a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou repo a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou repo a? Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.” Kèk nan moun Jerizalèm yo di: “Men nonm y ap eseye wè si yo ta touye a. Men l ap anseye kote tout moun kapab ni wè li ni tande li. Epi pèsonn pa eseye anpeche l fè sa. Petèt lidè yo te deside se li ki Mesi a vrèman. Men, lè vrè Mesi va vini, pèsonn p ap konnen kote l soti. Nonm sa a, nou konnen moun ki kote li ye.” Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li. Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.” Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive. Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy