YouVersion Logo
Search Icon

Jan 6:1-21

Jan 6:1-21 VKF

Apre sa, Jezi travèse lak Galile a. Yo rele l lak Tiberyad tou. Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo. Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo. Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo. Lè Jezi gade tout foul moun sa yo ki t ap pwoche kote l, li di Filip konsa: “Ki kote nou kapab achte pen pou tout moun sa yo manje?” Li te poze Filip kesyon sa a pou l te sonde l, paske Jezi te gentan konnen kisa li t apral fè. Filip reponn Li: “200 denye pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!” Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di: “Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?” Jezi di: “Fè tout moun chita.” Se te yon kote ki te genyen anpil zèb, senk mil moun kon sa te chita sou zèb yo. Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle. Yo tout te manje vant deboutonnen. Lè yo fin i, Jezi di disip li yo: “Ranmase moso pwason ak moso pen moun yo pa fin manje yo. Pa gaspiye anyen.” Konsa, yo ranmase moso ki te rete yo, yo ranpli douz panye ak moso ki te rete nan senk pen yo, lè tout moun te fin manje. Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt ki te gen pou vini nan lemonn nan.” Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li. Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm. Van an t ap soufle byen fò. Lanm lanmè ki te sou lak la te vin pi fò toujou. Disip yo te avanse senk ou sis kilomèt konsa, epi yo wè Jezi. Li t ap mache sou dlo a vini toupre bato a. Disip yo te pè anpil. Men li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen menm.” Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy