YouVersion Logo
Search Icon

Jan 5:25-47

Jan 5:25-47 VKF

Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi. Menm jan lavi se nan Papa a li soti, kon sa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi. Epi Papa a bay Pitit la otorite pou l jije tout moun, paske li se Pitit Lòm nan. Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la. Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo. Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman. Si m ap temwanye pou mwen menm sèlman, alò nou kapab panse sa m ap di de mwen menm yo pa verite a. Men, gen yon lòt moun ki di menm bagay yo de mwen, epi mwen konnen temwanyaj li se verite a. Nou te voye moun kote Janbatis, epi li menm tou te di nou verite a li te wè sou mwen. Poutan, mwen pa vrèman bezwen yon lòt moun pou dakò avè m pou m bay prèv kilès mwen ye, men mwen fè nou sonje sa Janbatis te di nou, pou nou kapab rive sove. Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan. Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre. Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble. Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a. Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen. Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl. Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen. Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye. Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm. Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè? Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou. Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen. Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy