YouVersion Logo
Search Icon

Jan 4:1-30

Jan 4:1-30 VKF

Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis. Men, alaverite, se pa t Jezi ki t ap batize moun yo, se te disip li yo. Li kite teritwa Jide, li tounen Galile. Pou rive Galile, li te dwe travèse teritwa Samari. Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa. Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” Sa te pase pandan disip Jezi yo te antre nan vil la pou achte kèk bagay pou yo manje. Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.” Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.” Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a? Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.” Jezi reponn li: “Nenpòt moun ki bwè nan dlo sa a ap swaf ankò. Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.” Fanm nan di Jezi: “Mesye, ban m dlo sa a non. Mwen pa ta swaf ankò epi mwen pa t ap oblije retounen isit la pou chache dlo.” Jezi di li: “Ale chache mari w mennen vini.” Fanm nan reponn: “Men, mwen pa gen mari.” Jezi di: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.” Fanm nan di: “Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt. Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.” Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a. Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo. Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l. Bondye se Lespri. Konsa, moun k ap adore Li dwe adore li anba kontwòl Sentespri epi selon verite a.” Fanm samaritèn nan di li: “Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, li gen pou vini. Lè l vini, li va fè n konnen tout bagay.” Alò, Jezi di l: “Mwen menm menm k ap pale avè w la, se mwen menm ki Mesi a.” Menm lè a, disip yo vin rive. Yo te sezi wè Jezi t ap pale ak yon fanm. Men, pèsonn pa t oze mande li: “Ki sa ou ap chache?” ni “Pou kisa ou ap pale avè l?” Alò, fanm nan kite veso li te pote pou pran dlo a, li retounen nan vil la. Li t ap mache di moun yo: “Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?” Se konsa, pèp la soti lavil la epi y al wè Jezi.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy