YouVersion Logo
Search Icon

Jan 3:22-36

Jan 3:22-36 VKF

Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun. Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize. Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon. Kèk nan disip Janbatis yo te nan yon diskisyon ak yon Jwif sou abitid pirifikasyon Jwif yo. Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.” Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l. Nou menm, nou ka sèvi m temwen, m te di se pa mwen ki Kris la. Men, Bondye voye m prepare chemen pou Kris la. Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan kon sa a. Li gen pou li vin pi enpòtan chak jou, epi mwen menm mwen gen pou m vin mwen enpòtan. Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun. Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li. Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a. Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a. Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy