YouVersion Logo
Search Icon

Jan 3:1-21

Jan 3:1-21 VKF

Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm, youn nan Farizyen yo. Se te yon lidè Jwif. Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.” Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.” Nikodèm reponn: “Kòman yon nonm ki fin granmoun kapab fèt yon lòt fwa? Èske l ta kapab retounen nan vant manman l pou l ta fèt yon lòt fwa?” Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a. Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti. Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa. Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.” Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?” Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou. Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la? Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan. Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, se kon sa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou. Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.” Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn. Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a. Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy