YouVersion Logo
Search Icon

Jan 12:20-50

Jan 12:20-50 VKF

Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm. Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li. Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. Papa, fè wè glwa w non!” Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.” Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l. Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri. Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a? Ki moun Pitit Lòm nan ye?” Jezi di yo: “Limyè a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, kon sa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale kon sa ak yo, li pati l al kache. Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli: “Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di? Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?” Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò: “Li fè yo avèg epi li fè kè yo di pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann nan kè yo, pou yo pa ta vire vin jwenn mwen, pou m ta geri yo.” Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li. Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye. Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa. Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy