YouVersion Logo
Search Icon

Jan 11:45-57

Jan 11:45-57 VKF

Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.” Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.” Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou. Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi. Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo. Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?” Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy