YouVersion Logo
Search Icon

Jan 11:17-44

Jan 11:17-44 VKF

Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt konsa, Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a. Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.” Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.” Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.” Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?” Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.” Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.” Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?” Yo di l: “Senyè vin wè.” Jezi te pran kriye. Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!” Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?” Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. Jezi di: “Retire wòch la!” Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.” Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?” Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale kon sa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou. Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy