YouVersion Logo
Search Icon

Jan 10:22-42

Jan 10:22-42 VKF

Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.” Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun. Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. Mwen menm ak Papa a nou se youn.” Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?” Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.” Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye. Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.” Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li. Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy