Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. Yo t ap rele byen fò, yo t ap di: “Viktwa a se pou Bondye nou an li ye, li menm ki chita sou twòn nan, ansanm avèk Ti Mouton an.” Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”
Share
Read Rev 7
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos