Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo, m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye. Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.” Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.” Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a. Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen. Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”
Read Rev 21
Share
Compare All Versions: Rev 21:1-8
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos