YouVersion Logo
Search Icon

Mak 8:1-21

Mak 8:1-21 VKF

Yon lòt fwa ankò, yon gwo foul moun te rasanble epi yo pa t gen anyen pou yo manje. Lè sa a, Jezi rele disip li yo, li di yo. “Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa ka voye yo lakay yo tou grangou. Si yo ale konsa, yo ka tonbe feblès nan wout. Anpil ladan yo rete lwen isit la.” Disip Jezi yo reponn li: “Nan zòn sa a, ki kote nou pral jwenn ase manje pou nou bay tout moun sa yo?” Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.” Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la. Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou. Tout moun yo manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso ki rete yo, yo jwenn sèt panye. Te gen apeprè 4,000 moun la. Apre sa Jezi voye yo al lakay yo. Tousuit apre sa, Jezi monte nan yon bato ak disip li yo epi yo ale nan yon zòn ki rele Dalmanita. Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.” Apre sa, Jezi kite yo epi li monte nan ti bato a, li ale lòtbò rivyè a. Disip yo te genyen yon pen avèk yo nan kannòt la. Yo te bliye pote pen. Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.” Disip yo t ap diskite sou siyifikasyon pawòl la epi yo t ap di: “Se poutèt nou pa gen pen ki fè l ap di sa.” Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Alò, li mande yo: “Sou Kisa n ap pale konsa? Paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske se fèmen n ap esye fèmen lespri nou pou pa konprann sa m ap eseye di nou? Èske nou gen je ki pa kapab wè? Èske nou gen zòrèy ki pa kapab tande? Epi èske nou pa sonje sa m te fè lè nou pa t gen ase pen an? Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?” Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.” E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.” Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy