YouVersion Logo
Search Icon

Mak 7:14-37

Mak 7:14-37 VKF

Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.” Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a. Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a? Paske se pa nan kè l li antre, men se nan vant li l ale. Apresa l al jete l nan latrin.” (Lè Jezi t ap di sa, li te vle di pa t gen yon manje k ap fè nou pa akseptab devan Bondye). Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.” Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache. Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi. Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la. Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.” Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.” Alò Jezi di li: “Se yon bon repons. Ou mèt ale, demon an sòti sou pitit fi w la.” Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti. Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo. Pandan li la, yo mennen ba li yon moun ki te soud epi ki pa t ka pale byen. Yo mande Jezi pou li poze men l sou nonm lan. Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan. Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “ Efata! ” (Sa ki vle di: ouvri). Kou Jezi fin di sa, zòrèy nonm lan ouvri, lang li vin lejè epi li kòmanse pale byen klè, san pwoblèm. Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a. Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy