YouVersion Logo
Search Icon

Mak 6:30-56

Mak 6:30-56 VKF

Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye. Jezi di disip yo: “Vini avèk mwen nan yon kote trankil epi nou va fè yon poze.” Li te di sa, paske kote l te ye a te gen twòp moun ki t ap monte desann vini wè yo, menm manje yo pa t gen chans pou yo manje. Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Anpil moun te wè lè yo t ap pati epi yo te konnen ki kote yo t aprale, se kon sa yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a, epi yo rive anvan Jezi ak disip yo. Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay. Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo pou yo manje.” Men Jezi reponn yo: “Ba yo manje nou menm.” Yo di Jezi konsa: “Nou pa ka achte ase pen pou bay tout moun sa yo manje. Nou ta dwe achte pen pou 200 denye pou n ta bay tout moun sa yo manje.” Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!” Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.” Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun. Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo. Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. Antotal te gen senk mil gason ki te manje. Tousuit apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. Apre Jezi te fin voye foul la ale, li monte sou mòn nan pou l priye. Lannuit vin tonbe, bato a te gentan nan mitan lak la epi Jezi te atè a poukont li. Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a. Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!” Yo tout te wè li, epi laperèz te anvayi yo. La menm, li pale avèk yo epi li di: “Pran kouraj, se mwen. Pa pè. Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Se pa de sezi disip yo te sezi. Yo pa t ka konprann vrè sans mirak senk pen an paske kè yo te fèmen. Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. Yo mare bato a. Lè yo desann bato a, moun ki te la yo rekonèt Jezi. Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li. Kèlkeswa kote Jezi ale, nan vilaj, nan vil, andeyò, pèp la mete moun malad yo sou tout plas piblik, epi yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy