YouVersion Logo
Search Icon

Mak 4:21-41

Mak 4:21-41 VKF

Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. Tout moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.” Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen. Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive. Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.” Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo. Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.” Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd. Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?” Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy