YouVersion Logo
Search Icon

Mak 3

3
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)
1Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. 2Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. 3Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”
4Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
5Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 6Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Anpil moun ap swiv Jezi
7Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. 8Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.
9Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. 10Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. 11Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” 12Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Lik 6:12-16)
13Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. 14Li chwazi douz, li rele yo apot.#3:14 li rele yo apot Anpil maniskri pa genyen mo sa yo, men yo nan dokiman ki pi ansyen yo. Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. 15Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. 16Men non douz moun li rele apot yo.
Li bay Simon non Pyè,
17Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,
18Apre sa Andre,
Filip,
Batèlmi,
Matye,
Toma,
Jak pitit Alfe a,
Tade epi
Simon yo bay non Patryòt,
19epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)
20Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.
22Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan#3:22 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo. ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”
23Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fin i.
27Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”
30Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)
31Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè#3:32 yo ak sè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo sa yo. w yo deyò a ap chache w.”
33Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”

Currently Selected:

Mak 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy