YouVersion Logo
Search Icon

Mak 16

16
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)
1Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. 2Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. 3Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”
4Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. 5Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.
6Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” 7Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
8Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.#16:8 Liv la fini la, nan kopi Grèk ki pi ansyen yo jwenn yo. Kèk kopi ki vini pi ta gen ti pati fin al sa a: “Men nan pi ta yo bay Pyè ak moun ki te avè l yo tout enstriksyon sa yo. Apre sa, Jezi voye yo limenm de lès a lwès ak mesaj sen sa a ki p ap janm chanje ki donk moun kapab sove pou tout tan.” Apre sa, kèk lòt kopi ajoute “Amèn.”
Kèk disip Jezi wè l
(Mat 28:9-10; Jan 20:11-18; Lik 24:13-35)
9Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon. 10Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye. 11Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa.
12Apre sa, Jezi parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip li yo ki t apral andeyò. 13De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
14Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.
15Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la. 16Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane. 17Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann. 18Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”
Jezi retounen nan syèl
(Lik 24:50-53; Trav 1:9-11)
19Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye. 20Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.

Currently Selected:

Mak 16: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy