YouVersion Logo
Search Icon

Mak 15:21-47

Mak 15:21-47 VKF

Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l. Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li, pou wè kisa chak moun ta jwenn. Li te nevè nan maten konsa, lè yo te klouwe Jezi sou kwa a. Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: NONM SA A, SE LI MENM KI WA JWIF YO. Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!” Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou. Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. A twazè, Jezi rele byen fò: “ Eloyi, Eloyi, lama sabaktani .” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?” Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.” Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.” Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri. Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.” Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou. Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi. Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la. Se kon sa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy