YouVersion Logo
Search Icon

Mak 15:1-20

Mak 15:1-20 VKF

Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?” Jezi reponn li: “Se sa ou di.” Chèf prèt yo mete anpil akizasyon sou Jezi. Epi Pilat poze l kesyon ankò, li di l “A pa ou pa menm replike? Gade valè akizasyon y ap lage sou do w?” Malgre sa, jezi pa janm reponn anyen. Pilate te sezi wè sa. Chak ane, nan sezon Fèt Pak la, Pilat te konn lage nenpòt prizonye pèp la vle. Te gen yon nonm yo te rele Barabas ki te nan prizon ak yon gwoup rebèl ki te touye yon moun nan yon soulèvman. Foul la vin kote Pilat epi yo mande l pou l lage yon prizonye jan l te konn abitye fè sa. Pilat reponn yo, li di: “Èske nou ta vle m lage wa Jwif la ban nou?” Pilat te di sa, paske li konnen se jalouzi ki fè chèf prèt yo te livre Jezi nan men l. Men chèf prèt te pouse foul la mande lage Barabas ba yo pito. Konsa Pilat mande pèp la ankò: “Kisa menm nou ta vle m fè ak nonm sa a nou rele wa Jwif yo?” Yo pran rele byen fò: “Kloure l sou yon kwa!” Men Pilate di yo: “Men Poukisa? Ki krim li fè?” Men foul la pran krye pi fò toujou: “Kloure l sou yon kwa!” Nan sousi pou fè foul la plezi, Pilat lage Barabas. Epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l, apre l te fin fè yo bat li byen bat. Sòlda yo mennen Jezi nan lakou palè gouvènè a. Yo rasanble tout lòt sòlda yo. Yo mete yon rad mov sou li, yo fè yon kouwòn pikan, epi yo mete l sou tèt li. Epi yo kòmanse rele byen fò: “Viv, wa Jwif yo.” Yo kontinye bat li nan tèt ak yon baton, yo t ap krache sou li epi mete ajenou devan l tankou se adore yo t ap adore l. Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy