YouVersion Logo
Search Icon

Mak 14:51-72

Mak 14:51-72 VKF

Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni. Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo. Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife. Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt. Se kon sa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou. Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a, Pitit Bondye beni an?” Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.” Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.” Yo tout kondane li pou li mouri. Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt. Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt. Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.” Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se kon sa yon kòk vin chante. Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!” Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.” Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.” La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy