YouVersion Logo
Search Icon

Mak 14:26-50

Mak 14:26-50 VKF

Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a. Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a epi mouton yo ap gaye toupatou. Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.” Lè sa a Pyè di l: “Menmsi tout lòt moun yo kouri, mwen m p ap janm kouri kite.” Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Men Pyè te ensiste pi plis toujou: “Menm si mwen ta dwe mouri pou w Mwen p ap janm di m pa konnen w.” Tout lòt disip yo t ap di menm bagay la tou. Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.” Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. Li di: “Abba, O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.” Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.” Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li. Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.” Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton. Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li. Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy