YouVersion Logo
Search Icon

Mak 13:14-37

Mak 13:14-37 VKF

Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la, tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò. Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l. Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo. Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive. Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a, Solèy la pral vin tou nwa, lalin nan ap sispann klere. Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe, epi puisans nan syèl yo pral tranble. Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo. Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase. Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive. Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy