YouVersion Logo
Search Icon

Mak 13:1-13

Mak 13:1-13 VKF

Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!” Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.” Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?” Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la, y ap rive twonpe anpil moun konsa. Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an. Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj. Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo. Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a. Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy