YouVersion Logo
Search Icon

Mak 12:28-44

Mak 12:28-44 VKF

Youn nan direktè Lalwa yo te tande diskisyon an. Li te wè Jezi byen reponn Sadiseyen yo. Lè sa a, li vin kote l, li mande l: “ki pi gran kòmandman ki gen?” Jezi reponn li: “Kòmandman ki pi gran an se: Koute, Izrayèl! Senyè Bondye nou an, se sèl Senyè. Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou. Dezyèm nan se: Renmen pwochen w menm jan ak pwòp tèt ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.” Lè sa a, direktè Lalwa a di li: “Ou gen rezon, Mèt. Bondye nou an se sèl Bondye. Pa gen lòt kon li. Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.” Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò. Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, li mande: “Ki jan doktè lalwa yo ka di Mesi a se pitit David? Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di: Senyè a di, Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jouktan m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w. David, li menm, rele Mesi a Senyè. Alòs, kijan l fè pitit li?” Pèp la te pran plezi tande l. Nan ansèyman li, Jezi te di: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.” Apre sa, Jezi te chita anfas bwat kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan. Men te vin gen yon pòv vèv ki mete de ti pyès kuiv ki te vo kèk santim konsa. Jezi rele disip yo, li di yo: “Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a mete plis nan ofrann nan pase tout lòt moun yo. Paske lòt moun yo mete nan sa yo gen anplis, men li menm, malgre mizè li, li bay tout sa l te genyen pou l viv.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy