YouVersion Logo
Search Icon

Mak 12:1-27

Mak 12:1-27 VKF

Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj. Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la. Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen. Apre sa, mèt jaden an voye yon lòt sèvitè kote yo; yo bat li nan tèt epi se pa de maltrete yo maltrete l. Li voye yon lòt sèvitè, kiltivatè yo touye l. Mèt jaden an voye plizyè lòt; gen ladan yo, yo bat; gen lòt yo touye. Mèt jaden an te gen yon sèl pitit gason li te renmen anpil, li voye l kote yo an dènye. Li di nan kè l: Sètènman y a gen respè pou pitit gason m nan. Men kiltivatè yo reflechi, yo di: Men eritye a. Ann touye l, kon sa jaden an ap rete pou nou. Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l. Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an. Nou pa li sa ki ekri nan Bib la: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa!” Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo. Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l. Lè yo rive, yo di l: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans: Èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?” Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.” Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.” Lè sa a, Jezi reponn yo: “Bay seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” Jezi pa t manke fè yo sezi ak repons sa a. Kèk Sadiseyen, ki wè moun ki mouri pa resisite, vin kote Jezi. Yo mande l: “Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an. Te gen sèt frè, premye a te marye ak yon fi, li mouri san li pa kite pitit. Dezyèm nan marye ak vèv la, li mouri san li pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm nan. Konsa, pa gen youn nan sèt la ki kite pitit. Apre sa, fi a vinn mouri tou. Lè jou rezireksyon an va rive, madanm kilès nan sèt frè yo fi a pral ye, paske li te marye ak tou lè sèt?” Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a! Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la. Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy