YouVersion Logo
Search Icon

Mak 11:20-33

Mak 11:20-33 VKF

Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.” Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?” Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.) Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy