YouVersion Logo
Search Icon

Mak 10:32-52

Mak 10:32-52 VKF

Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm. Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo, yo pral pase l nan betiz, epi yo pral krache sou li. Yo pral bat li avèk fwèt, epi y ap touye l. Men sou twa jou apre l mouri, l ap resisite.” Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.” Jezi mande yo: “Kisa nou vle m fè?” Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.” Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Èske nou ka batize nan menm batèm avè m?” Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m. Men kanta pou chita adwat mwen osinon agoch mwen, se pa mwen ki deside sa. Bondye te pare plas sa yo pou moun li chwazi.” Lè dis lòt disip yo te tande sa Jak ak Jan t al mande a, yo te fache anpil ak yo. Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.” Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la. Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.” Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!” Jezi kanpe epi li di: “Rele l.” Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.” Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a. Jezi mande nonm nan: “Kisa ou vle m fè pou ou.” Li reponn: “Mèt, mwen vle wè ankò.” Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy