YouVersion Logo
Search Icon

Mak 10:1-31

Mak 10:1-31 VKF

Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo. Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès. Jezi reponn yo: “Kisa Moyiz kòmande nou pou n fè?” Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.” Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a. Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye? Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl. Yo pa de ankò, men yon sèl. Konsa, yo pa de ankò, yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.” Pita, lè disip yo te nan kay la ak Jezi ankò, yo poze l kesyon sou zafè divòs la. Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi ki marye ak yon lòt fi, li komèt adiltè kont madanm li. Menm jan an tou, si fi a ta divòse ak mari l, epi li marye ak yon lòt gason, li komèt adiltè.” Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. Lè Jezi wè sa k t ap pase a, li te vin fache epi li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble ak timoun sa yo. An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.” Apre sa, Jezi pran timoun yo nan bra l, li touche yo ak men l, epi li beni yo. Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?” Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.” Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.” Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.” Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès. Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a! L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?” Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.” Pyè di Jezi: “Nou te kite tout bagay pou n swiv ou.” Jezi di: “Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt mwen ak pou Levanjil la li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.” Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy