YouVersion Logo
Search Icon

Mat 9:18-38

Mat 9:18-38 VKF

Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.” Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li. Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe. Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik fin èb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan. Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!” Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.” Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.” Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan. Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li. Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay kon sa nan Izrayèl.” Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.” Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi. Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje. Jezi di disip li yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy