YouVersion Logo
Search Icon

Mat 8:18-34

Mat 8:18-34 VKF

Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la. Lè sa a, yon skrib pwoche bò kote Jezi, epi li di: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.” Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.” Apre sa, youn nan disip yo di: “Mèt, m ap swiv ou, men pèmèt mwen al antere papa m anvan.” Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.” Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo. Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi. Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!” Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd. Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?” Lè Jezi rive nan peyi Gadarenyen yo, sou lòtbò lak la, de mesye te vin rankontre l. Mesye sa yo t ap viv nan yon simityè, epi yo te gen demon sou yo. Mesye sa yo te reprezante yon gwo danje, pèsòn pa t oze pase nan wout sa a ankò. Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?” Nan menm zòn nan, te gen yon bann kochon ki t ap manje. Demon yo priye Jezi an gras, yo di li: “Si ou ap chase nou, tanpri pèmèt nou ale sou bann kochon sa yo.” Jezi di yo: “Nou mèt ale!” Konsa, demon yo te sòti sou mesye yo, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo tout mouri nwaye. Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri. Yo antre nan vil la, epi yo rakonte tout sa k te pase kochon yo ak mesye ki te gen move lespri yo. Tout vil la debake pou y al kontre Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l tanpri souple pou l kite zòn nan.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy