YouVersion Logo
Search Icon

Mat 6:19-34

Mat 6:19-34 VKF

Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou. Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l. Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan. Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? Poukisa n ap bay tèt nou traka kon sa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti! Pa kòmanse ap chaje tèt nou sou kisa n pral manje, kisa n pral bwè, oswa kisa n pral met sou nou. Se moun ki pa konnen Bondye ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi. Konsa, pa chaje tèt nou jodi a ak bagay ki gen pou rive demen. Demen gen pwòp chay pa l. Chak jou vin ak lo tèt chaje pa l.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy