Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l. Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.
Share
Read Mat 5
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos