YouVersion Logo
Search Icon

Mat 4

4
Satan tante Jezi
(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)
1Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. 2Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. 3Lè sa a, dyab#4:3 dyab Literalman, “tantatè”. la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”
4Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”#Det 8:3.
5Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. 6Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:
L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
pou pye w pa frape nan wòch.”#Sòm 91:11-12.
7Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.#Det 6:16.
8Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. 9Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”
10Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.#Det 6:13.
11Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mak 1:14-15; Lik 4:14-15)
12Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a. 13Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali. 14Sa te rive kon sa pou fè nou konprann pi byen pwofesi pwofèt Ezayi a:
15“Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali,
teritwa ki chita toupre lanmè,
teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an.
Galile, kote anpil etranje rete:
16Pèp ki t ap viv nan fènwa a
te wè yon gwo limyè klere.
Limyè a klere
sila yo k ap viv anba lonbray lanmò.”#Eza 9:1-2.
17Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”
Jezi chwazi kèk disip
(Mak 1:16-20; Lik 5:1-11)
18Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 19Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 20La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.
21Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. 22San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.
Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun
(Lik 6:17-19)
23Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la. 24Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout. 25Anpil moun te sòti toupatou pou vin swiv Jezi: te gen moun Galile, te gen moun Dekapolis, te gen moun Jerizalèm, te gen moun ki sòti nan Jide, menm te gen moun ki sòti nan zòn lòt bò rivyè Jouden an.

Currently Selected:

Mat 4: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy