YouVersion Logo
Search Icon

Mat 28

28
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)
1Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.
2Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. 3Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. 4Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.
5Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, 6men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. 7Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
8Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. 9Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. 10Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè#28:10 frè Nan vèsè sa a, frè vle di “disip”. m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”
Rapò sòlda yo
11Pandan medam yo sou wout pou y al bay disip yo nouvèl la, kèk nan sòlda yo t ap antre lavil la pou y al bay chèf prèt yo rapò sou sa k pase a. 12Chèf prèt yo rankontre ak lòt lidè yo, epi yo fè yon plan. Yo bay sòlda yo yon bon sòm lajan, 13epi yo di yo: “Di pèp la: disip Jezi veye nan nuit pandan n ap dòmi, epi yo vin vòlè kò a. 14Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.” 15Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se kon sa istwa a sikile pami Juif yo.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mak 16:14-18; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
16Onz disip yo ale Galile sou tèt mòn Jezi te pran randevou avè yo a. 17Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout. 18Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a. 19Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. 20Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”

Currently Selected:

Mat 28: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy