YouVersion Logo
Search Icon

Mat 27:1-31

Mat 27:1-31 VKF

Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a. Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.” Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!” Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San. Alò, pwofesi pwofèt Jeremi an te akonpli: “Yo pran trant pyès lajan. Se fòs kòb sa a pèp Izrayèl te deside peye pou lavi l. Yo pran trant pyès lajan sa a, yo achte Jaden Potye a avè l, jan Senyè a te ban m lòd la.” Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?” Jezi reponn li: “Se sa ou di.” Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li. Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?” Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil. Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas. Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li. Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.” Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi. Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?” Pèp la reponn: “Barabas!” Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?” Yo tout reponn: “Krisifye l!” Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?” Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!” Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!” Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!” Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l. Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy