YouVersion Logo
Search Icon

Mat 26:44-75

Mat 26:44-75 VKF

Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja. Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.” Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton. Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l.” Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.” Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li. Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.” Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye. Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fin i. Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, epi yo di: “Misye te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.” Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi. Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?” Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.” Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. E nou menm, sa nou di?” Yo reponn li: “Li merite lanmò.” Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?” Pandan tan sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Youn nan sèvant Granprèt la di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.” Men, Pyè demanti l devan tout moun. Li di sèvant lan: “M pa konn sa w ap di la a.” Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.” Pyè demanti dam nan. Epi fwa sa a, li fè sèman pou l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Yon ti tan apre, moun ki te kanpe toupre Pyè yo pwoche bò kote l, yo di l: “Nan jan w pale a, nou sèten ou se youn ladan yo.” Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante. Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy