YouVersion Logo
Search Icon

Mat 26:26-44

Mat 26:26-44 VKF

Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.” Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a. Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a, epi mouton yo ap gaye toupatou. Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.” Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.” Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou. Apre sa Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: “Rete la! M pral yon ti kras pi lwen pou m al lapriyè.” Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.” Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.” Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn y ap dòmi. Li di Pyè: “Sa vle di, ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.” Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.” Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè. Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy