YouVersion Logo
Search Icon

Mat 26:1-25

Mat 26:1-25 VKF

Apre Jezi fin pale tout pawòl sa yo, li di disip li yo: “Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.” Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo. Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li. Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo. Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje. Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.” Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. N ap toujou gen pòv avèk nou, men nou p ap toujou genyen m avèk nou. Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.” Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan. Depi lè sa a, Jida ap veye yon okazyon favorab pou l trayi Jezi. Nan premye jou fèt Pen san leven an, disip Jezi yo pwoche bò kote l, epi yo mande l: “Ki kote w vle pou nou fè preparasyon repa fèt Pak la pou ou?” Li reponn yo: “Ale nan vil la kay entèl, di li: Mèt la di: lè m nan pa lwen rive. Se lakay ou m ap manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo.” Disip yo fè jan Jezi te di yo a, epi yo prepare fèt Pak la. Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.” Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.” Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn li: “Se ou ki di l!”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy