YouVersion Logo
Search Icon

Mat 25:31-46

Mat 25:31-46 VKF

Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li. Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. L ap mete mouton yo sou bò dwat li, l ap mete kabrit yo sou bò gòch li. Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman. Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m. Lè sa a moun jis yo ap reponn: Senyè, ki lè nou te wè w grangou nou te ba w manje? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w bwè? Ki lè nou te wè w etranje nan lari, nou te resevwa w lakay nou? Ki lè nou te wè w touni nou te ba w rad? Ki lè nou te wè w malad, nou te pran swen w? Ki lè nou te wè w nan prizon, nou te vizite w? Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l. Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m. Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w? Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l. Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy