Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan. Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak. Poutan, sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an fouye yon twou li sere lajan mèt li te ba l responsab la anba tè. Apre yon bon tan deyò, mèt la retounen epi l rele sèvitè l yo pou yo vin ba l rapò. Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an vini ak senk sak anplis. Li di: Mèt, ou te ban m responsab senk sak, men senk sak benefis mwen fè. Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou! Sèvitè ki te resevwa de sak la vini ak de lòt sak anplis. Li di: Mèt, ou te bann responsab de sak, men de lòt sak benefis mwen fè. Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!
Read Mat 25
Share
Compare All Versions: Mat 25:14-23
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos