YouVersion Logo
Search Icon

Mat 18:1-20

Mat 18:1-20 VKF

Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?” Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a. Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa. Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche. Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi. Si yon frè fè w yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l. Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon. Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè. M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy